Agrikilti : DDA-A ak GRET fè lansman ofisyèl enstalasyon ponp solè nan Latibonit

3 minutes, 17 seconds Read

Direksyon Dépatmantal Ministè agrikilti Latibonit, nan tèt kole ak ONG GRET ki se Gwoup Rechèch ak Echanj Teknolojik reyalize lansman pwojè enstalasyon ponp irigasyon k ap fonksyone ak enèji solèy la nan lokalite ti David, 6èm seksyon savan kare komin Gwomòn, jedi 8 desann 2022 a. Direktè depatmantal ministè agrikilti, Resous Natirèl ak Devlòpman Riral la nan Latibonit enjenyè Agwonòm Renaud Gene nan entèvansyon l, ki t ap retrase pakou pwojè sila deklare enstitisyon l ap dirije a ap kontinye travay pou rive ede plantè yo nan zòn nan.

Nimewo 1 DDA-A fè konnen, se manje ki desann manje se pou rezon sa l ap batay pou pèmet agrikiltè yo jwenn dlo pou travay tè yo kont grangou ak chomaj, pandan l profite remèsye tout aktè ki te kontribye pou fasilite pwojè a rive nan nivo sa a.

Renaud Géné ale pi lwen pou mande popilasyon ti David la pou pote kole ak fim Antilles consultations nan kad enstalasyon gwo sistèm sa ki pral pèmet jenn fanm, kou jenn gason ak granmoun yo komanse mare senti yo paske yo pral travay sou yon sistèm ki kapab dire anviwon 20 lane, k ap mache san gaz gras ak enèji solèy la. Li fini pou l di li santi l fyè dèske jounen jodi a l ap lanse gwo pwojè sa ki, daprè li menm, se pi gwo pwojè li santi l lanse nan kad pwogram PNSAN nan.

Prezidan komisyon entèrimè mèri Gwomòn nan, majistra Hubert Ceneac ki te prezan pandan moman seremoni lansman pwojè a, remèsye responsab yo nan ONG GRET li di ki pran desizyon pou akonpanye plantè yo nan zòn nan, nan akonpanye leta a. Pi lwen, majistra Hubert ankouraje otorite nan leta a pou kontinye mete an valè pwodiksyon nasyonal la ki, daprè li, se sèl mwayen pou fasilite plantè yo nan peyi Ayiti genyen lajan nan pòch yo paske tè yo toujou kapab fè tout kalite manje.

Enjenyè Agwonòm Soulouque Monézime ki se chèf pwojè Gwoup Rechèch ak Echanj Teknolojik (GRET), felisite ak remèsye nimewo 1 Direksyon Depatmantal Biwo Ministè Agrikilti, Resous Natirèl ak Devlòpman Riral la nan latibonit M. Renaud Géné ki bay tout li menm, ki pèmet jounen jodi a pwojè sa rive ateri. Li fè konnen pwojè sa enskri nan pwojè pisan ki genyen ladan l plizyè konsonsyòm ki konpoze òganizasyon Nasyonal ak Entènasyonal tankou AOG, ACF, PASAN, APROS ak PROTOS epi defini domèn entèvansyon chak òganizasyon sa yo ki nan konsonsyòm nan. M. Soulouque rete kwè pwojè PAZANPROS la entèvni onivo 3 seksyon kominal komin Gwomòn, ki ranfòse sektè Agrikòl la pandan l fè konnen se pwoblèm peyi lòk la ki lakoz se jodi a yo oblije lanse pwojè ki te nan faz inogirasyon. Li mande kolaborasyon tout abitan ti David pou pwojè sa kapab reyisi. Selon chèf pwojè GRET la, pwojè sila pral pèmèt abitan yo jwenn yon vi miyò nan sektè Agrikòl la.

Pi lwen, responsab pwojè GRET la di pwojè enstalasyon ponp solè sa ap dire 3 mwa pou Yon montan ki evalye 172.947.05 dola Ameriken, kote fim k ap egzekite pwojè a ki se Antilles consultations, deja resevwa yon kantite nan kòb sa. M Soulouque Monézime di se Ministè Agrikilti ki mèt ouvraj aktivite sa, yo menm yo la sèlman pou bay apò teknik ak pwosede reyabilitasyon pwojè yo.

Vis Delege awondisman komin Gwomòn nan Clack Julien Tanus, deklare avèk pwojè sa zòn ti David pral pwodwi anpil manje ki pral vann sou mache lokal ak Nasyonal la pandan l mande patisipasyon tout moun ki nan zòn nan byen pwoteje pwojè sila yon fason pou l ka rive reyisi.

Israël CEDIEU Gonayiv, Centre a la Une.

Lot atik