AYITI-Diplomasi | 7 avril 2003 – 7 avril 2023, yon peryòd ki kouvri 2 deseni ak yon listwa pou memwa

AYITI-Diplomasi | 7 avril 2003 – 7 avril 2023, yon peryòd ki kouvri 2 deseni ak yon listwa pou memwa

2 minutes, 27 seconds Read

20 lane depi Prezidan Aristide te mande Lafrans restitisyon plis pase 21 milya dola Endemnite (150 milyon francs-Or) Charles X te enpoze J. P. Boyer nan lane 1825, pou rekonèt endepandans Ayiti

Vandredi 07 avril 2023 a make egzakteman 220 lane depi Lafrans, atravè Napoléon Bonaparte, te definitivman elimine Tousen Louvèti sou sèn politik la, kote prekisè endepandans Ayiti a te rann dènye souf li nan « Fort de joux » nan peyi Lafrans, aprè yon twoup Fransè te fin kidnape l, arete l epi transfere l an Frans ak tout fanmi l nan dat 07 jwen 1802.

Se te yon lendi 07 avril 2003, nan kad yon diskou ki te vize selebre 200èm anivèsè asasina Tousen Louvèti, ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide te pwofite fè yon bilan sou enpozisyon ekonomik Lafrans te fè prezidan Boyer nan lane 1825. Yon lajan ki ta pral fin peye jis nan lane 1888, pandan enterè yo t ap fin ranbouse totalman nan lane 1950.

Selon tout kontwòl yon komisyon te fè pou gouvènman Aristide la nan peryòd 2003 a, se plis pase 21 milya dola vèt Lafrans dwe Ayiti, swa 21 685 135 571 , 48 dola ameriken. Pou anpil sitwayen Ayisyen, se menm demann sa a ki ta pral debouche sou 29 fevriye 2004, ki te chanbade prezidan Aristide sou pouvwa a pou yon lòt fwa.

Menm si nan lane 2015 ansyen prezidan fransè, François Hollande, te deklare ouvètman dèt Lafrans gen pou Ayiti a se yon dèt moral, e non ekonomik, pou lane 2022 pase a, selon ekonomis fransè Thomas Piketti, se plis pase 28 milya dola ameriken Lafrans dwe remèt Ayiti, puiske chak ane ki pase, dèt la ap kontinye ogmante. Se konsa sitwayen yo pa sispann mande, se konbyen kòb la deja moute pou lane 2023 a ?

Pou listwa, Ayiti pa premye peyi sou latè k ap poze pwoblèm endemnite, reparasyon ak restitisyon an: Lafrans te endemize Almay nan lane 1871, aprè li te pèdi douvan Almay nan gè franco-prussienne lan, kote li te remèt anpil lajan epi pèdi 2 gran vil li ki se Alsace ak Lorraine. Alamay te dedomaje divès peyi an Ewòp, daprè trete ki te siyen nan Vèsay la nan dat 28 jwen 1919, e prè tou pou dedomaje desandan anpil Jwif Hitler te estèmine. Lèzetazini bò kote pa l te dedomaje Japon akòz Nagasaki ak Hiroshima yo te detui pandan 2èm gè mondyal la nan lane 1945. Pi prè nou la a, aktyèl prezidan fransè a, Emmanuel Macron, deklare 27 fevriye 2023 a Lafrans pran angajman pou remèt Lafrik yon ansanm œuvre d’art yo te vòlò nan kontinan an.

N ap note, se pa sèlman Lafrans ki dwe Ayiti. Genyen Lèzetazini damerik di Nò ki dwe Ayiti plis pase 61 milya dola Ameriken, aprè yo te fin piye bank nasyonal peyi a, nan lane 1914. Adisyon 2 sòm sa yo Lafrans ak Lèzetazini dwe Ayiti, bay anviwon 176 milya dola, selon Josué Gaspard.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

Lot atik