Medam yo ka fè operasyon medikal ki rele “hyménoplastie” si yo vle rejwenn vijinite yo

«hyménoplastie», yon operasyon medikal ki ka pèmèt yon fanm rejwenn vijinite l si l te getan pèdi l. Imenoplasti (Hyménoplastie) se yon operasyon medikal oubyen entèvansyon chirijikal yon jinekològ oswa yon chirijyen estetik kapab pratike pou yon pasyan (yon fi). Pratik sa pèmèt fi an rejwenn vijinite l aprè espesyalis nan koze sa rekonstwi imèn […]

Lanfè kidnapin ak ensekirite k ap boulvèse Ayiti kounya se rezilta koudeta 2004 la, dapre Jean-Bertrand Aristide

Lanfè kidnapin ak ensekirite k ap boulvèse Ayiti kounya se rezilta koudeta 29 fevriye 2004 la, dapre ansyen Jean-Bertrand Aristide. Nan yon diskou li pwononse jounen dimanch 26 mas la nan kad senkyèm seremoni gradyasyon « Université de la Fondation Aristide » (UNIFA), ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide denonse sitiyasyon katastwòf Ayiti ap travèse depi kèk […]

Rosemila Petit-Frère ekri Pierre Espérance pou mande l eksplikasyon sou konpòtman malfezan li di l gen kont li

Rosemila Saint-Vil Petit-Frère ekri Pierre Espérance pou mande l eksplikasyon sou konpòtman malfezan li di l ap fè kont li. Ansyen majistra Akayè a, Rosemila Saint-Vil Petit-Frère, nan yon lèt tou louvri li ekri ak direktè egzekitif RNDDH la, Pierre Espérance, jou ki te 16 mas 2023 a, mande eksplikasyon ak responsab dwa moun lan […]

L’oriol Prodz ak Ayiti Event lanse dezyèm edisyon konkou chante entè eskolè ki rele “Ann Chante Kreyòl”

Pou valorize lang kreyòl la, L’oriol Prodz ak Ayiti Event lanse dezyèm edisyon konkou chante entè eskolè ki rele “Ann Chante Kreyòl”. L’oriol Prodz ak Ayiti Event lanse dezyèm edisyon konkou chante entè eskolè ki batize “Ann Chante Kreyòl”. Konkou sa ap kòmanse 14 avril pou l bout 16 jen 2023. Selon responsab yo, objektif […]

Yon rankont sou byennèt eskolè fèt ant minis Nesmy Manigat ak komite santral plizyè lise nan depatman Lwès la

Minis Edikasyon Nasyonal la Nesmy Manigat rankontre ak komite santral yon ventèn lise ki chita kò yo nan depatman Lwès la. Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Nesmy Manigat, nan kad yon rankont sou byennèt eskolè te rankontre vandredi 17 mas la komite santral yon ventèn lise anndan depatman Lwès la. Yon senkantèn liseyen […]

Lopital nan Santo Domingo itilize lang kreyòl pou oryante pasyan yo

Lopital « Maternidad Nuestra Señora de la Altagracia » nan Santo Domingo itilize lang kreyòl pou oryante pasyan yo. Pou ede resòtisan ayisyen yo anrejistre ti bebe ki fenk fèt, Lopital Matènite Nuestra Señora de la Altagracia, ki chita nan Santo Domingo, kapital Repiblik dominikèn, itilize lang kreyòl sou plizyè afich selon sa medya dominiken […]

FNE anonse viman kòmanse fèt pou kapab peye pwofesè ak direktè ki nan pwogram PROSGATE la

Fon Nasyonal Edikasyon (FNE) anonse viman kòmanse fèt pou kapab peye pwofesè, direktè, gadyen, menajè ki nan pwogram PROSGATE la. Fon Nasyonal Edikasyon (FNE) nan yon nòt pou laprès li mete deyò anonse apati madi 7 mas la, gen viman lajan k ap fèt sou kont Direksyon depatmantal Edikasyon Grandans, Sid, ak Nò pou yo […]