Pou pi piti 531 moun asasine, 300 blese ak 277 lòt kidnape an Ayiti depi kòmansman ane 2023, pou rive 22 mas 2023 a. Majorite zak kriminèl sa yo anrejistre nan Pòtoprens, kapital peyi a, daprè yon rapò Biwo wo Komisè Nasyonzini pou dwa moun pibliye. Gang yo pa sispann teworize popilasyon Ayisyèn nan. Tousuit […]
Aktyèl Vis Prezidan Konsèy Sekirite Ris la, Dmitri Medvedev, menase pou l lanse yon misil sou Tribinal Krimenèl Entènasyonal la (TKE), ki voye yon manda arestasyon pou Prezidan Poutine. Tribinal Kriminèl Entènasyonal (TKE) ki baze nan La Haye la te bay yon manda arestasyon Vandredi pase pou Prezidan Ris Vladimir Poutine fè fas ak akizasyon […]
Akize pou krim, detounman fon, kowalisyon ofisyèl, fo dokiman piblik ak prive, peye anba tab. Se akizasyon sila yo 19 ansyen ofisyèl yo genyen sou do yo. Pwokirè Jeneral Repiblik Dominikèn te anonse nan yon deklarasyon arestasyon 19 ansyen gwo fonksyonè gouvènman ki lye ak ansyen Prezidan Danilo Medina pou akizasyon koripsyon. Nan kad Operasyon […]
2 moun mouri nan Saint-Helène lokalite Monchil nan Jakmèl Ayiti. William Lubin akonpaye yon ekip moun kagoule epi ame, debake kay manman pitit li ki se Sheelove Alexandre, ki gen yon bebe 3 mwa, touye l ant lendi swa pou louvri madi 21 mas 2023 a, aprè sa William pann tèt li. Se sa medya […]
Washington mande pou kout bal yo sispann tire nan Ikrèn pa mwayen nenpòt inisyativ lapè Prezidan Larisi a Vladimir Putin ak tokay Chinwa li a Xi Jinping ka ankouraje pandan reyinyon yo nan Moskou soti 20 pou rive 23 mas 2023 a. Daprè kòdonatè pou Kominikasyon Estratejik nan Konsèy Sekirite Nasyonal Mezon Blanch lan, John […]
Kim Jong-un bay lòd pou preparasyon nikleyè pou prevantif lagè oswa kòmanse kont-atak sou penensil Koreyen an anvan egzèsis militè Washington ak Seoul. Lidè Kore di Nò a, ki te dirije de jou egzèsis militè ki te similasyon yon kont-atak nikleyè, te mande pou « prepare fòs konba nikleyè nou an pou reyalize rapidman ak […]
Nan yon kominike pou laprès Kòdinasyon Nasyonal Sekirite Alimantè (CNSA) mete deyò vandredi 17 mas 2023 a, yo rapòte genyen anviwon 4.9 milyon moun an Ayiti k ap viv nan ensekirite alimantè. 4,9 milyon moun nan sitiyasyon ensekirite alimantè e nesesite yon èd imanitè an ijans (kominike près IPC mas 2023). Selon dènye rezilta CNSA/ […]
Prezidant peyi Ondiras la, Xiomara Castro Zelaya, fè konnen vandredi 17 mas 2023 a, gouvènman l ap dirije a deside devlope relasyon diplomatik ak peyi Lachin, pandan li vire do bay Taywann. Yon desizyon peyi Lèzetazini pa twò byen wè, lakòz enterè yo pa nan Lachin. Lachin avèk Taywann se 2 espas ki se vwazen […]
Aprè peyi Kanada, anbasadè peyi Lafrans lan an Ayiti, Fabrice Mauriès, deklrare jedi 16 mas 2023 a « Okenn sòlda, ni polisye fransè p ap antre pou vin batay kont gang yo Ayiti ». Li presize ouvètman Ayiti dwe konte sou fòs nasyonal pa li pou batay kont gang yo. Aprè tout kalkil gouvènman Ariel […]