Opinyon | Jean Casimir : «Blanc an franse ak Blan an kreyòl»

Lekòl nan peyi a poko enterese montre elèv ak etidyan ladrès ak bèlte kreyòl la Gen Ayisyen ki frankofòn. Lekòl ak moun lakay yo, an jeneral, aprann yo meprize lang kreyòl la. Lè y ap pale kreyòl, se an franse tèt yo mache. Souvan e san movèz fwa, sans mo yo an franse osnon an kreyòl fofile kò yo nan sa y ap di; epi konvèsasyon yo tounen you bourara. Lekòl nan peyi a poko enterese montre elèv ak etidyan ladrès ak bèlte kreyòl la. Sepandan, lang nou an se rezilta chimen nou suiv e ki mennen nou nan kafou […]

Ensekirite : Ayiti sou wout pou pèdi lekòl espesyalize sa yo

Alòske pou tout peyi a, pa gen plis pase yon ventèn lekòl sa yo Plizyè lekòl espesyalize ann Ayiti sou wout pou fèmen akòz ensekirite a ki deraye nèt. Anpil pwofesè ki fòme pou anseye nan lekòl sa yo ap vire do bay peyi a. Lekòl yo bouke ! Nan videyo pi ba a, AyiboPost vizite kèk nan lekòl ki eksplike n sitiyasyon an : Reyalizasyon & Montaj : Wilson Saintelus Jounalis : Fenel Pelissier Kamera : Makenson Pinquière & Wilson Saintelus Imaj kouvèti a : yon enstititris k ap gide yon elèv espesyal, nan “École Spéciale les Apprentis sages” […]

Lopital jeneral malad grav. Medsen rezidan yo pa ka travay.

“Pi gran lopital piblik” peyi a nan yon eta ki depase malouk Se chak jou pi plis sitiyasyon Lopital jeneral ap degrade pi mal. Se pou sa medsen rezidan yo an grèv depi desanm 2022. Yo kontinye egzije yon minimòm bon kondisyon travay epi, denonse Leta ki pa sispann boude «pi gran lopital piblik» peyi a. AyiboPost envite w vizite espas la nan videyo sa a : Daphena Rémédor | Sherlande Pierre | Danie Duval | Jétry Dumont

Opinyon | Jean Casimir : «Bal fini»

Depi se de Ayiti moun ap pale, kreyòl la pa negosyab : se nanm Ayisyen Lontan lontan, lè nou fè you bal nan lakou a, vè katrè di maten, djaz la ap frape : Bonswa danm : Bonswa danm, nou prale dodo. Lòt jou mèt peyi fè you gwo deklarasyon an kreyòl. Li kwè li te gen bagay enpòtan pou l di nou. Se dwa li. Nan tèt pa m, sa ki enpòtan nan deklarasyon sa a, sè ke li chwazi fè l an kreyòl. Poukisa ? M imajine se paske li wè you lòt jwè monte teren an. Fò […]

Opinyon | Lagrandyab ak lang pèp souvren

Lè nou deklare Ayiti gen de (2) lang ofisyèl, se deja you pwogrè. Men nou pa rann nou kont n ap kontinye bay tèt nou gòl a men, pase n al mete enstriman kolonyalizasyon an ak enstriman kolonizasyon an sou menm pye Apre Leta panyòl fin estwopye Tayno yo, moun ki vin abite zile a pale kreyòl. Ki fè, an wetan arawak, premye lang abitan peyi a se kreyòl. Leta panyòl, ki konsidere Mondye remèt li teritwa a nan men pwòp, kouri dèyè moun vini yo. Kòm pi fò malere sa yo te sot an Frans, yo mande Leta franse […]

Opinyon | Lèt pou Etazini, Kanada, Lafrans ak Core Group

Read this letter in English Soti bò kote : Pèp ayisyen Sijè : Lèt apresyasyon pou kowalisyon peyi “Zanmi Ayiti” 11 novanm 2022 Zanmi nou yo, Nou dwe nou, mezanmi, si Ayiti jwenn bourad nan chèche pou li oto-sifizan, si nou fè anpil pwogrè alawonnbadè, deplase sòti nan 170yèm nan Endis Devlopman Imen pou rive nan plas youn nan pi bon peyi sou tè a. Papadoc, diktatè ayisyen an, te di yon fwa “rekonesans se lachte”, men kontrèman ak li, nou chwazi rete yon nasyon rekonesan. Nou menm pèp Ayisyen, nou pa jwenn bon mo pou nou di kijan nou […]