«Tout koli ki pèdi se sou kont moun ki te responsab pou pote li a. Se li menm ki dwe pwoteje koli kliyan an lè li rive nan pò yo», daprè Clifford St Jean, responsab kominikasyon ladwàn Romulus pèdi yon bwat machandiz nan ladwàn Pòtoprens, nan lane 2020. Se yon gran frè li k ap viv Ozetazini ki te voye li pou manman n. Pami machandiz ki te anndan bwat la, te gen yon televizyon ekran plat, kèk bagay pou manje, plizyè tenis ak pwoteyin pou manman l te kapab vann. «Koli a te vini sou non pa m. Se […]