Latibonit sante bèt: inogirasyon yon batiman tou nèf

2 minutes, 18 seconds Read

Direksyon Depatmantal Ministè lagrikilti Resous Natirèl ak Devlòpman Riral nan latibonit (MARNDR/DDA-A) nan tèt kole ak responsab seksyon inite pwoteksyon sante bèt yo rive inogire yon nouvo batiman flanbannèf pou elvè yo jounen Vandredi 20 Janvye 2023 a.

Direktè depatmantal ministè agrikilti a nan Latibonit enjenyè Agwonòm Renaud Géné nan entèvansyonl ankouraje plantè yo ak elvè yo pou vizite sant lan pou yo kapab jwenn sèvis bò kote teknisyen yo ki deja disponib pou sa. Li fè konnen nan semèn sa k ap vini la biwo ap fonksyonèl, kote tout elvè kapab pase nan biwo sa pou pran sèvis. Li mande ak popilasyon an espesyalman ak staf k ap desèvi popilasyon an nan sant Depatmantal pwoteksyon bèt yo pou pwoteje bèl lokal sa ki finanse pa Bank Entèramerikèn Devlòpman (BID) ak yon montan ki evalye a 750 mil dola Ameriken.

sou bò pal Doktè Haïm Jean Corvil, responsab inite pwoteksyon sante bèt yo nan ministè Agrikilti nan potopwens deklare: nouvo batiman sa pral fasilite elvè yo jwenn kote pou yo pran swen betay ki malad yo ak bonjan kontwòl ki dwe fèt sou plantil yo. kòdonatris UPS la Doktè Haïm ale pilwen pou di ak biwo saa plantè yo pral rale yon souf nan moman difisil yo .

Robert Saint Paul, prezidan federasyon Òganizasyon plantè irigan bas plèn gonayiv (FEPPIGO) ki te prezan pandan seremoni sa felisite responsab yo ki rive inogire gwo sant sa nan depatman an. Li fè konnen pafwa biwo yo konn inogire epi yo pa rive pote okenn sèvis bay sektè ki dwe benefisyel la akoz Leta pa bay mwayen pou fonksyonnman sèvis yo.

Nimwewo en FEPPIGO a Robert Saint Paul pilwen te pwofite okazyon an pou pale de absans teknisyen veterinè yo nan milye Riral yo alòske maladi ap sakaje bèt yo, nan sans sa a ,M. Robert Saint Paul dil swete responsab yo onivo biwo santral pran tout dispozisyon pou plantè ak elvè yo jwenn bonjan konpayman nan kad sèvis nouvo biwo saa bay peyizan yo nan 5 seksyon kominal yo espesyalman nan nivo bas plèn Gonayiv premye seksyon kominal pontamaren.

N ap fè konnen konstriksyon pwojè sa te kòmanse nan lane 2020 epi fini nan lane 2022 e se anprezans divès otorite lokal (kazèk, Azèk, Majistra,vis Delege,), reprezantan kèk ONG lokal ak Nasyonal(AOG,GRET) epi reprezantan divès Asosyasyon plantè ki te soti nan plizyè seksyon kominal komin Gonayiv gwo inogirasyon nouvo batiman flanban nèf sa a te rive fèt ki pral bay kanè bank peyizan/plantè yo swen ki nesesè nan depatman Latibonit lan .

Israël CEDIEU, Centre à la UNE

Lot atik