Maria Isabel ofisyèlman pran rèn BINUH

0 minutes, 54 seconds Read

Maria Isabel ki se nouvo responsab BINUH_UN, ki se tou reprezantan sekretè jeneral ONU_fr an Ayiti, pran fonksyon jounen lendi 03 avril 2023 a. N ap note, Maria ranplase nan pòs sa a madam Helen La Lime.

Maria ki se yon ekwatoryèn nan yon twit li fè lendi 3 Avril sa sou kont ofisyèl Nasyonzini profite remèsye sekretè jeneral Nasyonzini an, ki chwazil pou vin dirije « bureau intégré Nations unies en Haiti » (BINUH).

Maria deklare li t ap koute kri pèp Ayisyen an. L ap kontinye soutni efò li yo pou ede soti nan kriz la. Li fè konnen l ap travay pou ede ranfòse konsansis la pou peyi a ka repran wout demokrati.

Maria Isabel genyen 25 lane eksperans . 2013-2015: li te prezidan konsèy administrasyon galapagos. 2010-2013 li te reprezan pèmanan peyi li Egwayè nan OEA. 2010-2013 li te manb paleman « Andin ». 2007-2008, minis zafè etraje, komès ak entegrasyon. 2005-2007, minis touris Ekwatè.

Madam Isabel Maria ranplase nan pòs sila Madam Hélène Lalime ki te fè objè anpil kritik.

Lot atik