Mondyal 2022: chanm otèl Messi t ap dòmi nan peyi Kata pral tounen yon mize

Mondyal 2022: chanm otèl Messi t ap dòmi nan peyi Kata pral tounen yon mize

1 minute, 15 seconds Read
Mondyal 2022: chanm otèl Messi t ap dòmi nan peyi Kata pral tounen yon mize

Mondyal 2022: chanm otèl Lionel Messi t ap dòmi nan peyi Kata pral tounen yon mize.

Qatar University de Doha se la ekip foutbòl Ajantin lan te fè tout tan l pandan mondyal 2022 a nan peyi Kata. Enstitisyon an anonse jodia chanm kote Lionel Messi t ap dòmi an pral tounen yon mize nan semèn k ap vini la, se sa medya fransè RMC Sport rapòte atravè yon atik li pibliye sou sit li maten an.

Chanm sa Lionel Messi te pase tan l pandan yon mwa gen 2 kabann byen senp, yon biwo, yon televizyon figi plat, yon kanape. Aprè atakan PSG a fin ranpòte mondyal la, responsab espas la deside transfòme chanm foutbolè a an mize pou moun ka vin vizite.

Kote ansyen jwè Baselòn lan t ap dòmi an gen yon “écusson” ak non l ki ekri sou pòt chanm lan ki se nimewo B201.
Okenn dat poko bay kilè mize sa ap louvri pou moun ka vin vizite.

N ap raple w Lionel Messi ak koyekipye l yo pèmèt Ajantin ranpòte twazyèm mondyal li aprè 36 lane blanch. Albiceleste a nan seyans penalite kont ekip Fransèz la chanpyon nan peyi Kata.

Pou kounya Messi nan vakans li ta dwe tounen nan PSG koumansman janvye k ap vini la daprè anpil medya etranje.

Mondyal 2022: chanm otèl Messi t ap dòmi nan peyi Kata pral tounen yon mize

Dekouvri plis:

Les funérailles de l’historienne Odette Roy Fombrun ont été chantées ce mardi matin à l’église Saint Pierre

Lot atik