
AyiboPost te rive idantifye de nan espesyalis sa yo sèlman an Ayiti Lire l’article en français Doktè Wilner Pierre gen ekspètiz nan tretman maladi metabolik ak rejim alimantè. Li se youn nan lis de (2) doktè AyiboPost te rive idantifye ki pratike pwofesyon dyetetisyen nan peyi a. Antanke espesyalis nan nitrisyon, dyetetisyen an konpoze lis manje ki adapte ak eta sante chak moun. Domèn sa a pi enpòtan toujou nan yon peyi tankou Ayiti kote popilasyon an manje twòp sèl, sik ak lwil. Anplis de piramid rejim alimantè a ki pa respekte, abitid sa yo lakòz maladi. Pa egzanp, prèske […]