Odette Roy Fombrun, yon mò k ap rete byen vivan pou Ayiti

2 minutes, 59 seconds Read

Se jounen madi 27 Desanm 2022 a finiray Madam Odette Roy Fombrun chante nan legliz Saint-Pierre Petion-Ville Ayiti devan fanmi zanmi ak moun ki te apresye travay li. Divès kouch moun diferan sektè te reponn prezan tankou: Premye Minis Ariel Henry, Madam Mirelande H. Manigat. Fanmi an te di li preferab pou moun fè don ki pral kontinye travay Odette yo atravè Fondasyon li mete sou pyen olye flè moun ap pote.

Odette Roy Fombrun ki se nòmalyen, anseyan, pedagòg, ekriven, istoryen mouri vandredi 23 desanm 2022 a. Se fondasyon li a ORF ki anonse nouvèl la. A 105 lane, gran Entelektyèl Ayisyèn nan pibliye plis pase 100 travay sou divès sijè: Istwa, Geografi, Woman polisye, Esè, Atik, Analiz, Magazin, Kont. Odette se youn nan pi bèl tèt byen fèt Ayiti konnen yo.

Fèt nan kapital Ayiti Pòtoprens, nan dat 13 jwen 1917, ekriven an gradye nan (ENI) Lekòl Nòmal Enstititè, li pase yon bon tan ap etidye Syans Enfimyè Ozetazini. Gran entelektyèl Ayisyen an Odette Roy Fombrun mouri jou ki te vandredi 23 desanm 2022 ann Ayiti nan Petyonvil, li te genyen 105 lane. Divès enstitisyon ak gwo pèsonalite nan mond lan koube yo byen ba douvan pasaj madam Fombrun.

2 nan premye aktivite li ann Ayiti se ouvèti yon lekòl pou timoun epi vann flè pwofesyonèl. Pase yon bon kou tan nan peyi Kiba ansanm ak mari li, e se la li te aprann atizay pou konn fè flè.

Madam Odette se yon kokennchenn ekriven, nan plizyè lang, li pibliye anpil liv listwa ak jeografi pou anseyan sèvi lekòl, li pibliye jounal, atik magazin, kont, analiz, woman, esè, elatriye. Nan kad tout biblikasyon li fè, nou konte zèv li yo moute a plis pase 100 swa 105 zèv nan diferan jan.

Men kèk nan zèv li yo soti 1998 pou rive 2020: Ma vie en trois temps, Drapeau de l’indépendance, Le Konbitisme dans L’Education, La Constitution de 1987 et les Droits de l’Homme, Ti Toro d’Haïti, Contes africains: Kenya, Ouganda, Ethiopie, Madagascar, Leçons de morale et instruction civique, Affaire de drogue à New York, What to do? Why? Ti Koze sou Istwa Dayiti, Ni vu ni connu, Planning familial.

Madam Fombrun trè angaje. Li te patisipe nan ekri konstitisyon 1987 la, manm òganizasyon « Ligue feminine d’Action sociale », li kreye Fondasyon Odette Roy Fombrun, li patisipe nan batay pou dwa CADOR (Klib Golden Age), prezidan Klèb Fanm Karyè ( BPW International Club of Port-au-Prince). Depi 1981 l ap defann sistèm sa yo: Dwa moun, anbago komès, dominasyon flagran nan prensipal ekonomi mondyal yo, elatriye. Nan mwa oktòb 2020 an, li te lanse yon mesaj pou Ayiti.

Nan mwa septanm 1986, li te prezante yon konferans nan Washington Ozetazini ki gen tèm « Èske demokrasi posib ann Ayiti? ». Majorite sa li te di yo fè pati rekòmandasyon li yo nan Konstitisyon Ayisyèn 1987 la.

Li te resevwa yon doktora « Honoris Causa » nan mwa desanm 2002 nan men dirijan Inivèsite Wayal Ayiti nan Pòtoprens. Nan mwa jen 2020 pase a, Ministè Kilti ak Kominikasyon te rann li omaj nan okazyon 103èm anivèsè li.

Soti nan premye mwatye 19èm, pase pase tout 20èm pou rive nan debi 21èm syèk Ayisyen an, peyi papa Desalin nan fè mond lan kado anpil tèt byen fèt nan sa ki gen pou wè ak lakonesans an jeneral, e lakonesans nan mond literè a an patikilye, ekriven Ayisyen ki gen non Odette Roy Fombrun se yon egzanp byen vivan.

Sérondier LOUISIA, Centre à la Une.

Lot atik