
Depi se de Ayiti moun ap pale, kreyòl la pa negosyab : se nanm Ayisyen Lontan lontan, lè nou fè you bal nan lakou a, vè katrè di maten, djaz la ap frape : Bonswa danm : Bonswa danm, nou prale dodo. Lòt jou mèt peyi fè you gwo deklarasyon an kreyòl. Li kwè li te gen bagay enpòtan pou l di nou. Se dwa li. Nan tèt pa m, sa ki enpòtan nan deklarasyon sa a, sè ke li chwazi fè l an kreyòl. Poukisa ? M imajine se paske li wè you lòt jwè monte teren an. Fò […]