
Kominote entènasyonal la ap mobilize plizyè enstriman pou sanksyone gang ak sila k ap alimante yo. Migrasyon anpil Ayisyen ki prale Etazini ak Kanada se prensipal rezon sanksyon yo 17 Out 2022: Anthony Salisbury ki se ajan espesyal ki responsab envestigasyon nan biwo Homeland Security nan Miami, prezante yon seri zam gwo kalib yo sezi. Zam sa yo, se reprezantan bandi an Ayiti yo ki achte yo nan magazen Miami, pou kache yo nan bwat machandiz, voye yo Ayiti. Anpil fwa, yo voye zam yo an pyès detache, nan plizyè kagezon diferan. Sa konn rann li difisil pou otorite yo […]